TSK

TSK · Proverbs 2:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 42:12 TSK

Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil mouton, simil chamo, demil tèt bèf ak mil manman bourik.

Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.

Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.

Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.