TSK

TSK · Proverbs 28:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!

¶ Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.

¶ Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

¶ Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl.

¶ Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

¶ Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.

benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.