TSK

TSK · Proverbs 8:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.

Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.

John 1:18 TSK

Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.

¶ Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.