Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
TSK
TSK · Psalms 27:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
Mwen te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò pou m' te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m' te wè pesonn ankò nan moun k'ap viv sou latè.
Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò.
¶ Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.
Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.