TSK

TSK · Psalms 80:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.

¶ Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo pou moutre jan li t'ap sèvi Bondye ak tout kè li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sènen tout lavil ak gwo ranpa yo avèk lide pou l' pran yo.

Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.

Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.

¶ Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.

Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.

Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.