TSK

TSK · 1 Chronicles 12:37

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.

¶ Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.

¶ Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Woubenn, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo,