¶ Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.
TSK
TSK · 1 Chronicles 20:1
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Pandan tout tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a.
¶ Apre sa, pwofèt la al jwenn wa Akab, li di l' konsa: -Ou mèt tounen koulye a, mete lame ou la anfòm. Kalkile byen sou sa ou pral fè, paske nan ennan, dat pou dat, wa peyi Siri a ap tounen vin atake ou ankò.
¶ Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la.
Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.
yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.
Se poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba. L'a boule gwo kay yo ra tè. Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo, tankou bri van siklòn k'ap pase.