TSK

TSK · 1 Chronicles 26:4

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.

Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.

Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.

Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.