Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt.
TSK
TSK · 1 Samuel 2:28
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo.
¶ Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.
Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.
Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.
-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
¶ Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.
¶ Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.