TSK

TSK · 2 Chronicles 21:10

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.

Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.

Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.

Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.

Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.

¶ Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.

Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.