Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
TSK
TSK · 2 Chronicles 22:11
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.
¶ Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.
Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
¶ Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo.
Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la.