TSK

TSK · 2 Chronicles 36:1

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.

Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.

Moun peyi Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo. Yo mete Jozyas, pitit gason Amon an, wa nan plas li.

Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.