TSK

TSK · 2 Chronicles 6:30

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.

Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.

¶ Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.

¶ Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.

¶ Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.

¶ Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.

John 2:25 TSK

Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.