TSK

TSK · 2 Samuel 1:20

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.

Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.

Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.

David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?

¶ Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.

¶ Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.

Se konsa, mwen lonje men m' sou ou pou m' pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pa t' ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo.

Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra.