TSK

TSK · 2 Samuel 20:13

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Men, moun pèp Izrayèl yo voye di l' ankò: -Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay!

Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch.

¶ Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.

Seyè a di Ezayi konsa: -Pran Chea-Jachoub, pitit gason ou lan, avè ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.

¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!

¶ Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time.