TSK

TSK · 2 Timothy 3:6

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.

Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.]

Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.

Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon.

Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.

Jude 1:4 TSK

Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

Jude 1:18 TSK

Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.