Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
TSK
TSK · Acts 1:15
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li.
¶ Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.
Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?
Apre sa, li te fè pou pi piti senksan frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.
Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la.