TSK

TSK · Acts 11:29

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع
Ezra 2:69 TSK

Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven ons lò, sandisètmil ons ajan ak san gwo rad pou prèt yo mete sou yo.

¶ Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.

Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.

Acts 4:34 TSK

Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an

Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.

Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè.

Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.

¶ Mwen pa wè rezòn pou m' voye di nou anyen sou keksyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a.

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.