¶ Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.
TSK
TSK · Acts 12:24
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.
¶ Lamenm, Danyèl al jwenn Ajòk, nonm wa a te bay lòd al touye tout nèg save lavil Babilòn yo. Li di l' konsa: -Pa touye nèg save lavil Babilòn yo. Mennen m' bò kote wa a, m'a di l' sa rèv li te fè a vle di.
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.
¶ Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.