Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
TSK
TSK · Acts 19:6
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo.
Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.
¶ Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.
Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.