tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,
TSK
TSK · Acts 21:5
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
¶ Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.
Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa.
¶ Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.