Yo ofri san towo, desan belye mouton, katsan ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.
TSK
TSK · Acts 26:7
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a.
N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen.
Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m' chans yon lè vizite nou ankò, pou m' ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou.
¶ Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.