Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
TSK
TSK · Acts 9:34
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Matthew 9:6
TSK
John 2:11
TSK
Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
Acts 3:12
TSK
¶ Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?
Acts 4:10
TSK
Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye.