M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
TSK
TSK · Amos 4:6
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.
Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.
Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.
Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.
Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.
Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.
Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.
Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.