TSK

TSK · Deuteronomy 32:24

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.

M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.

Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.

Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!

Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.

Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.

Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo.

Amos 5:18 TSK

Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.

Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'.