¶ Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.
TSK
TSK · Exodus 29:39
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete.
M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal.
¶ Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.
Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa.