TSK

TSK · Exodus 34:28

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo.

Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.

Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou.

Mwen desann soti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Seyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a.