Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
TSK
TSK · Exodus 35:22
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a.
Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz ons ajan.
¶ Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.
Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou.
¶ Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan.