¶ Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.
TSK
TSK · Exodus 40:33
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
Se konsa Salomon fin bati Tanp lan.
Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.
Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.
Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.
Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.
Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.