Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè.
TSK
TSK · Genesis 21:8
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.
Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal.
Apre li fin sevre pitit la, li mennen l' lavil Silo. Li te pran avè l' yon ti towo bèf twazan, yon barik farin, yon sak an po bèt plen diven. Li mennen ti gason an nan tanp Seyè a, lavil Silo, atout li te tou piti toujou.
Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lòt gason avè l'. David fè yon gwo resepsyon pou Abnè ak pou vin moun ki te avè l' yo.
Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.
¶ Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.