TSK

TSK · Genesis 22:11

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.

¶ Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!

-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.

Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi.

¶ Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.

Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!

Acts 9:4 TSK

Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?