¶ Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.
TSK
TSK · Genesis 31:5
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Jakòb vin wè tout Laban pa t' ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an.
Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
¶ Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.
Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Koulye a atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.