TSK

TSK · Genesis 39:8

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.

¶ Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.

Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.

Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.

¶ Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.