Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan.
TSK
TSK · Genesis 47:4
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.
Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'.
Men sa Seyè a, Bondye a, di: -Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip. Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen.
Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.