TSK

TSK · Genesis 9:3

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

Men, nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Seyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.

Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,

Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a.

Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.

¶ Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.

Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.