¶ Moyiz di yo: -Men lòd Seyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou soti kite peyi Lejip la.
TSK
TSK · Hosea 11:4
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.
M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.
Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an.
Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.