TSK

TSK · Isaiah 16:1

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.

Amasya te touye dimil sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.

Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.

Micah 4:8 TSK

¶ Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.