Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l' ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l' anba pye yo.
TSK
TSK · Isaiah 18:6
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Isaiah 14:19
TSK
Isaiah 56:9
TSK
¶ Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.
Jeremiah 15:3
TSK
Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
Ezekiel 32:4
TSK
M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou.
Revelation 19:17
TSK
Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.