TSK

TSK · Isaiah 27:7

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.

M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.

¶ Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m' pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil.

Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.