Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo.
TSK
TSK · Isaiah 34:3
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès.
Y'ap antere l' tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l' jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.
M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou.
M'ap wouze tout peyi a ak san ou. M'ap vide san ou sou mòn yo, jouk ravin yo pral plen dlo kò ou.
M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.
Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la.
Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.