TSK

TSK · Isaiah 36:8

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Lèfini, li pran baton l' nan men l', li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l', li mache sou Golyat.

Lè sa a, li di: -M' pa bezwen konnen si y'ap vin pou goumen osinon pou mande lapè, kenbe yo vivan mennen ban mwen.

Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo.

Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.

Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.