Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
TSK
TSK · Isaiah 40:3
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!
Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.
Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.
Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)