TSK

TSK · Isaiah 49:20

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.

Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.

Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.

Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.