TSK

TSK · Isaiah 54:1

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.

Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!

Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.

¶ Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.

N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!

¶ Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!

Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.

Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo.