TSK

TSK · Isaiah 59:2

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!

Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.

Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!

¶ Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.

¶ Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.

Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.

Micah 3:4 TSK

Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.