Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan.
TSK
TSK · Isaiah 7:1
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida.
¶ Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
W'a di l' pou l' fè atansyon pou l' pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen gen kè sote pou de ti bout bwa dife k'ap fè lafimen, ki vle di pou wa Rezen, moun peyi Siri a, ak pou wa Pekaz, pitit Remalya a, k'ap fè kòlè.
¶ Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!