Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
TSK
TSK · Isaiah 7:9
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
¶ Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl.
Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou.
¶ Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.