TSK

TSK · Jeremiah 17:12

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!

¶ Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.

Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.

¶ Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.

¶ Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.