Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.
TSK
TSK · Jeremiah 2:35
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
¶ Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.
¶ Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi?
Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m' te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò.