TSK

TSK · Jeremiah 25:22

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.

¶ Seyè a di ankò: -Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l'.

¶ Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas.

Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè.

¶ Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.

-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.

Joel 3:4 TSK

Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m' konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m' peye pou sa m' te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa.

Amos 1:9 TSK

Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.